UncategorizedEnfòmasyon an kreyòl konsènan Jen Fries

August 13, 2020
Candidate Jen Fries
Photo credit: Bertha Pantoja.

Distri nou an depann de transpò piblik.  Fò nou fè sèvis transpò MBTA nou an fyab, san danje, ak yon pri abòdab, epi fò l pwòp si nou vle ekonomi nou an reprann.”

  – Jen Fries

Enfòmasyon an kreyòl konsènan Jen Fries, yon kandida demokrat pwogresis pou Depite Eta Massachusetts

Pale de fòmasyon w ak esperyans ou.
Lè mwen te nan kabinè Massachusetts ‘Legal Assistance Corporation’, mwen te rive jwenn plizyè milyon dola nouvo envestisman leta pou sèvis jiridik sivil pou moun ki pa fè anpil kòb avèk moun ki chape anba vyolans nan fanmi. Lè mwen te alatèt lekòl ‘Cambridge School Volunteers’, mwen te monte plizyè patenarya djanm ak pogram djanm nan lekòl leta nou yo. Mwen fè metriz mwen an Jesyon Piblik nan inivèsite Harvard Kennedy School. Nan vi pèsonèl mwen, m gen lontan depi m ap sèvi ak transpò piblik epi mwen se yon paran fyè ki gen pitit nan lekòl leta.

Di nou 2 pi gran priyorite lejislatif ou genyen pou sesyon k ap vini an, epi pou ki sa?
Twa pi gwo poblèm mwen vle atake se: 1) MBTA, 2) chanjman klima, epi 3) edikasyon piblik ak kolèj piblik.

Distri nou an depann de transpò piblik. Sa gen kèk jou depi Transpò piblik nou an ap soufri, sèvis la gen reta souvan, tren yo ap deraye epi kèk fwa yo pran dife. Fò nou fè sèvis transpò MBTA nou an fyab, san danje, ak yon pri abòdab, epi fò l pwòp si nou vle ekonomi nou an reprann.

Nou dwe pran devan pou nou kab rive sèvi ak enèji ki 100% renouvlab anvan ane 2045 pandan 
n ap abòde kesyon jistis nan kad anviwònman ak jistis rasyal. Zòn tou pre Alewife kote gen 3 vil ki rankontre ansanm nan fasil pou dlo anvayi zòn sa a lè move tan fè lanmè a debòde. Plis chanjman klima a ap vin pi grav, gen yon danje kote anpil apatman ak anpil lojman sosyal menase. Nou dwe pwoteje yo.

Nou dwe re-envesti nan sistèm U.MASS nou an epi nan lekòl leta nou yo, yon fason pou chak elèv epi chak etidyan gen opòtinite jwenn bon jan edikasyon.

Pandan n ap fè fas ak COVID-19 la, kès Leta ranmase mwens lajan epi vin gen plis depans nan plizyè domèn nou pat atann.
Ba nou 2 etap byen detèmine Leta ta dwe pran pou l ekilibre bidjè a ?
Anpil moun, anpil ti antrepriz ap soufri. To chomaj la a 16%, epi nou fè fas ak yon defisi 6 milya dola. An menm tan an tou, gen kèk endistri k ap byen mennen. Mwen kwè nou pral oblije mande sitwayen nan gran antrepriz nou yo kontribye nan sante piblik epi nan kalite nivo lavi a. Ki jan? Nan monte taks sou antrepriz yo. Epi tou mwen dakò mande gouvènman federal nou an fè plis pou li kore edikasyon piblik, gadri, chomaj ak sèvis esansyèl yo.

Ki inisyativ byen detèmine ou ta sipòte pou ede abòde inegalite nan afè lojman nan Eta Massachusetts?

Men yon bagay ki pa lojik ditou, nou depanse plis pou nou mete yon fanmi nan yon abri pwovizwa pase valè lajan sa ta koute pou nou ba yo yon fich pou yo peye lwaye. Mòd politik nou an gaspiye lajan, mòd politik nou an fè moun ki nan bezwen ditò. Nou kapab pran plis angajman nan 4 domèn: èd pou peye lwaye, kreyasyon oubyen prezèvasyon lojman a pri abòdab, pwoteksyon pou lokatè, epi refòm zonaj vil yo. Sa mwen sipòte tou se pou Eta nou an envesti plis nan pogram finansman ‘gap’ yo, pogram ki fè devlopman lojman a pri abòdab yo mache, epi tou nan pogram CPA Eta a genyen an.

Ki etap ou ta pran pou asire avni transpò piblik la e kouman ou ta ka finanse etap sa yo?

Mwen sipòte plis finansman pou MBTA pou eseye rezoud reta nan reparasyon yo. Tren nou yo ak otobis nou yo dwe fyab, san danje, a yon pri abòdab, epi fò transpò piblik yo pwòp si nou vle mete ekonomi nou an sou de pye l. Pou nou finanse sa, mwen dakò monte taks endirèk Eta a mete sou antrepriz yo, mwen dakò mete plis siveyans sou avantaj taks y ap bay antrepriz yo, epi mwen dakò yo fè antrepriz yo remèt lajan an lè yo pa kenbe pwomès yo. Mwen pare pou m asepte lòt sous revni pou nou atenn objektif sa yo, paske mwen panse ekonomi nou an pa kab ni retabli ni grandi san n pa jwenn yon solisyon.

Tanpri vote pou Jen Fries nan eleksyon primè Demokrat premye septanm nan.
Pou plis ransèyman ale sou sitwèb www.jenniferfries.com

 

 

 

jenniferfries

Paid for by Committee to Elect Jen Fries

Paid for by the Committee to Elect Jen Fries